top of page

NOS PUBLICATIONS

  • Photo du rédacteurfondationmshaiti

Senkyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL)




 


Senkyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL), fèt ane a sòti 5 pou rive 10 desanm sou tèm: “Pou yon kreyolofoni solid e solidè”.

Jean Dédé Dorcely (Ayiti), Vye Ewòl (Ayiti, Etazini), ak Gregory Rabess (Ladominik) se te 3 envite alonè festival la. Jean Dédé Dorcely, Vye Ewòl ak akademisyèn Magloire Chancy te resevwa yon plak donè pandan seremoni ouvèti festival la.  Matrouba ki se yon gwoup ki jwe twoubadou ak chantè Herby Francois te asire animasyon mizikal la. Lòt envite alonè a, Gragory Rabess, pa t ka la men li te patisipe nan plizyè aktivite anliy pandan festival la.

Jou jedi 7 desanm nan, yon douzèn jèn patisipe nan yon atelye kreyasyon literè. Se powèt Marc Exavier ak Vye Ewòl ki te anime l. Se te yon bèl moman pataj, kote animatè yo rive ankadre patisipan yo ki rive pwodui anpil bèl tèks.

Yon lòt aktivite ki merite atansyon nou se « Powèm nan pran machin » Kote FEL te al jwenn moun yo nan bis ki fè sikui Petyonvil- Lavil la jou ki te dimanch 10 desanm nan. Inema Jeudi, Malaba Pitit Plim, Michelle St Felix ak Wally Jean Steven Laguerre  te ofri pasaje yo kèk bèl moso pwezi ak lodyans epi distribiye liv Jean Dédé Dorcely ak CD Maurice Sixto.

Yon lòt fwa FEL Anivince Jean Baptiste ap dirije ak sipò kèk patnè tankou FMAS (Fondation Maurice A. Sixto), OMDAC  (Organisation martiniquaise pour le développement des arts et de la culture), AKA (Akademi Kreyòl Ayisyen) reyisi.  Yo kase randevou lòt ane pou yon 6zyèm edisyon pi byen òganize, pi reyisi e pi grandyoz.








17 vues0 commentaire

CONTACTEZ_NOUS

#28, Rue Gabart, Pétion Ville, Haïti 

info@fondationmauricesixto.org
+509 3449-3583 / 718-355-8201

Success! Message received.

  • Blanc Facebook Icône
  • Blanc Twitter Icon
  • Blanc Icône Instagram
  • Blanc Icône YouTube
bottom of page