Selebrasyon Jounen lang manman 2026
- fondationmshaiti
- il y a 2 jours
- 1 min de lecture
Jou ki te samdi 21 fevriye 2026 la, Fondation Maurice A. Sixto te rive selebre 26yèm Jounen entènasyonal lang manman ak sipò Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) epi Sekreteri d Eta Alfabetizasyon nan lokal Bibliothèque Michèle Tardieu nan Petyonvil
Jounen an te koumanse ak mo siktontans Sekretè d Eta Alfabetizasyon an Mesye Mozart Clerisson, an apre nou te gen Madam Carol Margron, Prezidan Konsèy Administrasyon FMAS la ak Visprezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an, Mesye Gregory Calixte.
Apre seri diskou yo, Mèt Mozart Clerisson, te fè yon ti rale sou lang manman. Li fè yon koudèy istorik sou orijin lang kreyòl la anvan li fini ak enpòtans li jounen jodi a.
An apre nou te gen Direktè Bidjè Ministè Ekonomi ak Finans lan Jean Michel Silin ak Kontwolè Finansye Prensipal menm ministè Regine Minorce ki te fè yon rale sou bidjè leta soti sou pwosesis pou prepare l rive nan fason yo egzektite l.
Te gen yon gran pilblik preske yon sentèn jenn ki te pran pa nan aktvite sila pami yo 30 benefisyè pwojè « Yon metye pou fanm deplase yo », FMAS ak kèk patnè ak egzekite nan moman an la.
Pou boukle jounen an, piblik la te gen chans konsome kèk resèt nan kizin ayisyen an tankou soup joumou, diri ak lalo.
Se te yon aktivite reyisi e nou espere FMAS ak patnè l yo ap kenbe tradisyon sa pou lane 2027 ak lòt ane k ap vini yo.







Commentaires