Sou 41 lane lanmò Maurice Sixto
- fondationmshaiti
- 13 mai
- 2 min de lecture
Dernière mise à jour : 15 mai

12 me 1984 – 12 me 2025
🕊️ Maurice Sixto: yon eritaj emosyon, lodyans, lasyans pou edikasyon pèp la. Yon egzanp tou pou rezo sosyal jodi a.
Jodi a, 41 lane apre lanmò li, mwen rann omaj a Maurice Sixto, pwofesè literati, lodyansè , ekriven ak moralist pèp Ayisyen an. Maurice Sixto te enspirasyon nan anpil angajman m kò
m Minis Edikasyon, menm jan ak Maurice Dartigue epi Joseph C. Bernard. Yon enspirasyon nan fè pwomosyon yon kourikoulòm andojèn ki dwe chita sou reyalite Ayiti, pandan li dwe louvri pòt pou pi byen konprann reyalite lemond.
Maurice Sixto kite yon eritaj kote, apati yon demach syantifik, li aprann nou ki jan emosyon yon pèp ka tounen zouti pou mobilize e aji kont enjistis, kont yon edikasyon enpòte depi lakoloni, kont diskriminasyon ak inegalite sosyal. Li demontre ke lang kreyòl ayisyen se lang refleksyon ak liberasyon.
Zèv li yo tankou, Ti Sentaniz, Zabèlbok, Lea Kokoye, J’ai vengé la race, se pa sèlman pou fè nou ri. Se zouti edikatif, syantifik, moral. Li te deja montre pouki restavèk Sentaniz ak Chantoutou dwe mete menm inifòm #InifòmInik, pouki yo ta dwe etidye nan menm liv #LivInk, pouki lang kreyòl te dwe vin lang edikasyon, depi preskolè rive nan Bakaloreya.
Sixto te kwè tou nan edikasyon estetik ak atistik, e konsa nou batay pou matyè sa tounen yon obligasyon nan tout lekòl apati desizyon ministeryèl 2023 a, kote li obligatwa nan egzamen ofisyèl.
41 lane apre, Maurice Sixto vivan, chak fwa nou chita pou tande vwa l. Chak fwa yon elèv pwodui refleksyon pa l sou istwa Ti Sentaniz, chak fwa n ap chèche fè refòm pou gen yon edikasyon kote tout timoun gen menm chans reyisi.
🌟 Maurice Sixto fè nou konprann ki jan nou ka itilize emosyon ak syans, sitou sou rezo sosyal jodi a, pou kore imanis ak pwogrè. #LekòlPaKaTann
Nesmy Manigat
12 me 2025
Comments