Kloti "Fanm Djanm epi otonòm"
- fondationmshaiti
- il y a 17 minutes
- 1 min de lecture

Pwojè “Fanm Djanm epi otonòm” ki te komanse depi mwa jiyè 2025 lan klotire jou ki te madi 2 desanm nan ak yon distribisyon valiz lekòl nan lekòl Kominotè « Lea Kokoye ». Valiz yo fèt ak sachè dlo yo jete nan lari.
Yon delegasyon ki te gen ladann Ekip Fondation Maurice A. Sixto a ak benefisyè yo te distribye plizyè dizèn valiz ak foutini eskolè pou elèv yo patikilyèman sila yo ki te plis nan bezwen yo.
Lekol kominotè Lea Kokoye te inogire depi oktob 2011 nan plas lekòl « La Promesse » te tonbe nan lane 2009. Abitan zòn nan te jwenn sipò Fondation Maurice A. Sixto ak kèk lòt patnè pou kontinye ofri timoun nan zòn nan moso ledikasyon. Aktyèlman lekòl la gen anviwon 150 elèv, yon senkantèn nan yo sòti Kenscoff apre paran yo te kouri ak yo kite zòn nan pou bandi.
Pwojè « Fanm Djanm ak otonòm » ki te lanse depi mwa jiyè a ak sipò FOKAL te pemèt yon dizèn jenn fanm deplase aprann yon metye. Valiz yo te fèt ak sachè dlo yo jete nan lari.














Commentaires