top of page

NOS PUBLICATIONS

  • Photo du rédacteurfondationmshaiti

REMÈSIMAN FESTIVAL ENTÈNASYONAL LITERATI KREYÒL



Premye edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FÈLKreyòl), ki dewoule Pòtoprens, Gonayiv, Senmak, Okap, soti 4 rive 8 desanm 2019 la, se rezilta detèminasyon, pozitivite, tètansanm yon gwoup jenn gason ak jenn fanm ki jwenn bon jan soutyen yon ansanm grandèt, melanje ak volonte plizyè enstitisyon. Tout egzèsis remèsiman ki tonbe nan site non se ti frè erè, oubli, nan sans kote li vrèman difisil pou moun k ap site a pa bliye site kèk non. Nan nòt remèsiman sila a, n ap kòmanse pou remèsye Fondasyon Maurice Sixto, Ministè Kilti ak Kominikasyon, C3 Editions, Jaden Sanba, Akademi Kreyòl Ayisyen, OMDAC, Lakou Kajou, Rectorat de l’Université d’Etat d’Haïti, Regwoupman Ekriven Kreyòl, Le Nouvelliste, Educa Vision, Espas Kreyòl, SiBelle Haïti, Loop Haïti, Sosyete Koukouy, Café Tap Tap, Rezo Nòdwès, Gwoup Motif, Ma Trouba, Société du Samdi Soir, Direction Nationale du Livre, Lakou Kanga Twa Zile, Anba Zanmann Kay Sonson Mathurin, Editions La Rosée, Edisyon Freda, Le National, Signal FM, OAPE, CLAC Senmak, Krey Matjè Kreyol Matinik (KM2), Edisyon Choucoune, Espozisyon Grennpwonmennen, Sant kiltirèl Toto Bissainthe nan Okap, Sant kiltirèl Amaranthe nan Gonayiv. Nou p ap bliye divès medya an liy ki te kenbe enfòmasyon sou Festival la vivan soti lè nou lanse rive lè nou fini. Flanbo remèsiman Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la ap kontinye volimen pou: Manno Ejèn (Envite donè), Yves Marie Seraline ak Hilario Batista Félix (envite espesyal) Gertrude Séjour, Fred Brutus (Anbasadè FÈLKreyòl 2019), Gary S. Daniel, Serge Bellegarde, Tonton Gi, Nicolas André, Bito David, Charlot Lucien, Yvon Lamour, Joël Duquene, Fritz Deshommes, Loudy Mortimer, Lyonel Trouillot, Luna Gourgue, Alouwou M.,Rodolphe Mathurin, Atchassou Tanbou, Dédé Dorcély, Iléus Papillon, Werner Gabers, Inéma Jeudi, Michel-Ange Hyppolite, Darly Renois, Jean Euphèle Milcé, Herby François, Roldy, Jean Rony Beaucicault, Wilner Dorlus, Pierre Michel Chéry, Guy Menard, Gerard Marie Tardieu, Johanne Joséma, Marseille Danta H. Ingreed, Schneidy Révolus, Waneshese Joseph, Wooly Saint-Louis, Melissa Beralus, Fédia Stanislas, Erickson Jeudi, Jean Emile Paul, Claude Bernard Serant, Ti Sixto, Eden Junior Céléus. Nou remèsye chak enstitisyon, chak pèsonalite, chak moun ki te gen yon kontribisyon, nan yon fason oubyen yon lòt, nan reyalizasyon gwo pwojè istorik sa a. Anvan lontan, n ap genyen pou nou pibliye yon rapò global ki va anbrase tout Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, soti lè nou lanse rive nan dènye moman evennman an. Randevou pou dezyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se soti 2 pou rive 6 desanm 2020.

Pou Festival Entènasyonal Literati Kreyòl Anivince Jean Baptiste Jessica Nazaire Marie Jocelyne Pierre Ricot Marc Sony Emmanuel Innocent Dougenie Michelle Archille Lunès Mondésir

© Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, desanm 2019

90 vues0 commentaire

CONTACTEZ_NOUS

#28, Rue Gabart, Pétion Ville, Haïti 

info@fondationmauricesixto.org
+509 3449-3583 / 718-355-8201

Success! Message received.

  • Blanc Facebook Icône
  • Blanc Twitter Icon
  • Blanc Icône Instagram
  • Blanc Icône YouTube
bottom of page