top of page

NOS PUBLICATIONS

  • Photo du rédacteurfondationmshaiti

“ Ou se yon gason, mwen tou m panse m ka fè menm travay avè w”















Jan nou te anonse l, samdi 12 mas 2022 a, Fondation Maurice A. Sixto (FMAS) te rive reyalize pwojè “Tifi fò”. Se te nan lokal FMAS la, # 28 Rue Gabart Pétion-Ville, fondasyon an te rive reyini 12 tifi ki gen ant 12 ak 16 an, nan lide pou pèmèt yo dekouvri fòs ak seri bèl bagay ki kache nan fon kè yo. Non sèlman FMAS te gen pou objektif inisye tifi yo, depi yo tou piti, nan konnen ak defann dwa yo nan okazyon 8 mas la (Jounen Entènasyonal Dwa Fanm), men tou jounen 12 mas la se te yon okazyon pou yon seri pwofesyonèl aprann benefisyè yo goumen pou pasyon yo pa peri akoz kondisyon lavi an Ayiti. Se pou sa, pwojè “Tifi fò” te gen yon volè ankadreman ki entèrese ak kondisyon lavi tifi yo, yon volè ki entèrese ak epanouyisman tifi yo epi yon lòt ki chita sou pwoteksyon timoun an jeneral.

Nan kad jounen 12 mas la, plizyè pwofesyonèl te entèvni. Pami yo, 2 polisye, Jennifer Florestal ak Bernadette Jean, ki afekte nan Brigade de Protection des Mineurs nan DCPJ, te fè benefisyè yo konnen antrénman yo bay polisye yo pa fè diferans ant fanm ak gason. Yo te ankouraje tifi yo pou yo pa koute moun k ap dekouraje yo, kòmkwa fanm pa ka fè metye gason. “ Ou se yon gason, mwen tou m panse m ka fè menm travay avè w”, sa se pawòl Jennifer Florestal. Li te ajoute : “ nou menm fanm nou dwe travay pou nou ka atenn objektif nou yo”.

DJ Kemissa li menm te pale tifi yo sou chimen li pase pou l rive kote l ye jounen jodi a, mete sou lanmou li gen pou mizik ak animasyon depi lè l tou piti. Li konseye tifi yo egzèse metye yo vle a, menm si moun ap dekouraje yo. Cindy Pierre Louis, kontèz (yon jenn fanm ki chaje talan nan teyat ak literati) fè yon ti batbouch ak timoun yo sou pasyon l pou rakonte istwa. Ramadame Raphaël, bò kote pa l, yon jounalis fanm nan Radio Métropole enfòme tifi yo sou sitiyasyon fanm k ap travay nan medya. Li konseye tifi yo viv rèv yo, san manke rès.

Nan kad aktivite sa, Carine Clergé te jwe wòl moderatèz, tout pandan li t ap mete anbyans nan mitan tifi yo. Cathia Marie Johane Pierre, yon ti fanm djanm ki se Travayèz Sosyal fondasyon an, te sèvi kòm gid, li te aji sou tout volè aktivite a, epi li te akonpanye Carine Clergé nan kad travay pa l la.

N ap soulinye tou prezans kèk gason tankou Iléus Papillon ak polisye Claudel. Iléus Papillon se yon ekriven, yon powèt ki renmen travay fondasyon an ap fè. Li te li yon powèm Jacques Prévert, L’effort humain, pou plezi asistans la. Iléus Papillon te fè tifi yo koute powèm pa li yo tou, epi pale de liv li. Yon lòt kote, polisye Claudel, ki te akonpaye Jennifer Florestal ak Bernadette Jean, te fè yon bon rale ak benefisyè yo sou kijan pou yo itilize entènèt la, paske jan moun itilize entènèt kapab fè l yon bon zouti pou devlopman yo konsa tou li kapab yon move zouti pou devlopman yo tou.

Boutofen, FMAS ap fè konnen pwojè “Tifi fò” se yon konsepsyon atis Tifane, men se fondasyon an ki egzekite l.



Williamson ORNEUS, Gestionnaire des réseaux




44 vues0 commentaire

CONTACTEZ_NOUS

#28, Rue Gabart, Pétion Ville, Haïti 

info@fondationmauricesixto.org
+509 3449-3583 / 718-355-8201

Success! Message received.

  • Blanc Facebook Icône
  • Blanc Twitter Icon
  • Blanc Icône Instagram
  • Blanc Icône YouTube
bottom of page