top of page

NOS PUBLICATIONS

Diskou nan okazyon kloti mwa lang manman 2026 la.

  • Photo du rédacteur: fondationmshaiti
    fondationmshaiti
  • il y a 7 minutes
  • 3 min de lecture

N ap salye tout otorite leta yo

N ap salye Madam Rosilia François Corneille, Prezidan Konsèy Administrasyon AKA

N ap salye Direktè DNL la, Mesye Ersnt Saint Louis

N ap salye tout akademisyen yo

N ap salye tout envite

N ap salye tout moun


Estatitisyen yo estime gen 11 milyon moun ki ap viv an Ayiti san nou pa bliye 2 ou 3 milyon lòt ki Toupatou nan dyaspoara. 95% popilasyon an se desandan nèg nwè yo te rache nan plizyè tribi an Afrik pou mete nan lesklavaj sou bout tè sa. Nou chak te pale yon lang diferan men entèlijans epi pèverans nou te pèmèt nou kreye lang kreyòl sa pou nou ka kominike youn ak lòt. Tout moun konnen enpòtans kominkasyon genyen.  Lang sa te pèmèt nou youn kominite  ak lòt, li te jwe yon gwo wòl nan planifikasyon , diskisyon sou estrateji nou te adpote ki te arive ban nou lendepandans lan.


Wi, nou kapab di klèman jodi a kreyòl la non sèlman se lang manman nou men tou se youn nan zam ki te ban nou lendepandans. Li te jwe yon gwo wòl nan ban nou libète ki te pèmèt nou vin premye pèp nwa ki lib sou latèbeni. Li se sèl lang ki simante tout ayisyen, se sèl kreyòl la 100% ayisyen pale sou latè. Nou ka wè tout enpòtans ak plas lang sa ki se lang manman nou ta dwe genyen nan sosyete a.


Malerezman, depi apre lendepandans nou pa jannm bay lang sa tout enpòtans li ta dwe genyen. Pandan lontan leta te rekonèt sèlman franse kòm lang nou, yo se mete lang manman nou sou kote. Men depi preske 40 lane, ak konstitisyon 1987 la, peyi a rekonèt 2 lang ki se kreyòl ak franse e li presize kreyòl la se lang ki simante pèp ayisyen e li te kreye Akademi Kreyòl Ayisyen ki gen pou misyon travay pou devlopman lang nan.


Men malgre tout avanse sa yo kreyòl la pako janm gen plas li ta dwe genyen nan sosyete a. Keseswa nan tribinal nan biwo leta kou prive, nan gwo reyinyon kote y ap pran gwo desizyon, kote moun ak vès chita  nou toujou pa gen dwa pale kreyòl e lè kèk moun ki ase brav oze pale l yo gade li mal anpil. Plis pase 90% dokiman n ap siyen yo, zouti travay anpil enstitisyon tankou fich depo ak retrè labank fèt sèlman nan lang ansyen kolon yo.


Sa ki pi mal la se absans lang manman nou nan edikasyon timoun yo. Pandan lontan kreyòl la te entèdi nan lekòl yo pandan menm pwofesè yo pa metrize franse a.  Si jodi a gen anpil jefò ki fèt pou pale epi anseye kreyòl nan lekòl yo men rete anpil travay ki pou fèt tankou   jwenn ouvraj syantifik ak akademik an kreyòl e sitou  mete otè ki ekri an kreyòl yo tankou Maurice Sixto nan kisis edikasyon nasyonal la.


Tèm ane a se : “Kreyòl lang manman baz idantite ak konesans”. Akademi an menm jan ak FMAS depi plizyè lane bay tèt yo pou misyon make jounen an. Nou panse se pa sèlman selebre pou selebre men li ta dwe sitou yon moman refleksyon ki va pèmèt nou sòti ak rezolisyon pou pran desizyon pou valorize lang manman na peyi a.

Mèsi anpil tout moun


Potòprens, 27 fevriye 2026

 
 
 

Commentaires


CONTACTEZ_NOUS

#28, Rue Gabart, Pétion Ville, Haïti 

info@fondationmauricesixto.org
+509 3449-3583 / 718-355-8201

Success! Message received.

  • Blanc Facebook Icône
  • Blanc Twitter Icon
  • Blanc Icône Instagram
  • Blanc Icône YouTube
bottom of page