top of page

NOS PUBLICATIONS

  • Photo du rédacteurfondationmshaiti

Pozisyon FMAS sou kesyon kanal sou rivyè Masak la.

Enpòtan! Fondation Maurice A. Sixto ( FMAS) kore ak tout fòs li inisyativ popilasyon Depatman Nodès peyi a, prensipalman Wanament pran pou kontinye e fini kanal sou rivyè Masak la. Ayiti granmoun tèt li, li gen dwa itilize resous li yo nan enterè tout pitit zantray li. Konsa tou, se dwa l pou travay, awoze ak dlo rivyè lanati ba li pou fè lagrikilti pou tout pitit li yo rive manje vant deboutonnen epi voye vann ak fè lòt pèp ki nan bezwen kado. Ayisyen sèmante 7 fwa 77 fwa li pap trennen bòl ble l lakay vwazen ankò. Ayiti se manman libète li pa dwe lage vant li aladriv lakay pèsonn. FMAS mande Fanm vanyan kou Gason vanyan toupatou alawonnbadè fè chèn solidarite a gonfle ponyèt nou montre gwosè bibit nou lè nou deside defann eritaj papa Desalin ak tout lòt zansèt nou yo kite pou nou. Ti presyon lame dominiken dwe sèvi gaz pou fè mache motè travay kanal la jiskaske l fini. Yon kanal pa sifi pou Ayiti. Vwazen an gen 11. Nou se yon Gran pèp, nou pa ti kriye. Nou pat kriye pou 11 pa yo a. Mouche LETA manyen leve tèt ou. Pran responsabilite w! Ou badnen twòp! Fè nou santi w pa tchoul pèsonn! Nou menm Ayisyen ki nan 4 kwen latè, ann pote kole pou fin konstriksyon premye kanal sa. Epi gonfle venn nou pou n tou fini ak achte pwodui k ap detui sante n. Epi Ayisyen, fò n sonje Rivyè dlo sa melanje ak san anpil frè n ak sè nou rejim sanginè Trujillo a te asasinen nan mwa oktòb 1937. Dayè se sa ki fè rivyè pote non " Rivyè MASAK". Sezi okazyon sa, aprè inogirasyon premye kanal sa sou bò Ayiti a, nou mande Atis eskiltè, manm sosyete sivil, anplwaye leta, pwofesè, ti machann, Ayisyen ki nan dyaspora, elatriye kole zepòl pou konstwi yon moniman nan memwa frè n ak sè n sa yo ki plis pase 20 mil ki te peri anba zak kriminèl lame dominiken nan lanne 1937. Yo te bannou kou a, li te fè nou mal, e l te fè nou mal anpil, nou pa gen dwa bliye tranch istwa santi di sa a. Wi fòk nou fè moniman sa menm, konsa pitit nou ak pitit pitit nou va toujou sonje krim sa yo chak fwa yo va gade l e lè sa a yo va di tèt yo " Nou jire sou vi nou pou nou pa janm al pran imilyasyon Kay vwazen ankò". Ansanm, ansanm ann fè 1804 ekonomik la!


FMAS, septanm 2023

8 vues0 commentaire

Posts récents

Voir tout

Comentários


CONTACTEZ_NOUS

#28, Rue Gabart, Pétion Ville, Haïti 

info@fondationmauricesixto.org
+509 3449-3583 / 718-355-8201

Success! Message received.

  • Blanc Facebook Icône
  • Blanc Twitter Icon
  • Blanc Icône Instagram
  • Blanc Icône YouTube
bottom of page