top of page

NOS PUBLICATIONS

  • Photo du rédacteurfondationmshaiti

Daïna, yon egzanp, Jenès ak angajman

Misyon Fondasyon Moris Siksto se akonpaye jèn yo pou yo ka korije erè grandèt yo te fè ki kenbe nou nan povrete ak lamizè, ba yo espas ak bon jan fòmasyon pou yo ka rive ede tèt yo epi ede peyi a pran chimen chanjman.

Daïna, se yon jèn ki ap frekante Fondasyon an depi plizyè ane, ki patisipe nan anpil aktivite ak nou. Nou te kontan fè yon ti koze ak li pou nou konnen kijan anganjman li ak Fondasyon an enpakte lavi l.






FMAS : Pou nou kòmanse Daïna n ap salye w e tou mande w pou prezante w ak lektè yo?

Daïna : Non pa m se Daïna Jean Baptiste, moun ki pwòch mwen rele m Daïna Mandela oubyen Mandela. Yo banm pote non sa paske mwen fèt 18 jiyè 2002, menm dat ak Nelson Mandela ki te fèt 18 jiyè 1918.

Mwen fè etid primè m ak segondè m Collège Marie Dominique Mazzarelo (kay Sè Salezyèn Don Bosco). Mwen se yon jèn aktivis k ap evolye nan sosyete ayisyèn nan e ki pran anpil angajman.


FMAS : Pale de nou de paran w yo ak anviwonnman familyal ou ?

Daïna : Mwen fèt e leve nan yon fanmi monoparantal. Mwen leve ak manman m Lucie Jean Baptiste. Se siyati manman m mwen pote.


FMAS : E papa w ?

Daïna : Mwen pa twò anvi pale de sa.


FMAS : Bon nou konprann ou ka pa alèz pou w pale de sa men eske w gen frè ak sè ?

Daïna: Wi mwen gen twa frè ak yon sè.


FMAS : E Kijan de timoun ou te ye?

Daïna : Mwen te yon timoun yo te toujou ap chouchoute e ki te jwenn anpil lanmou. Manman m te toujou pran swen menm jan ak lòt timoun yo e sa jwe yon gwo wòl nan fè m vin moun mwen ye jodi a. Manman m se yon pwofesyonèl kuizin ki te travay nan plizyè restoran. Lè li bouke travay ak moun li te vin monte yon biznis babekyou ki te ede l reponn ak bezwen fanmi an menm si se pa yon bagay ki te toujou fasil pou li.


FMAS : Anpil moun rele w Mandela paske w fèt menm dat ak Nelson Mandela. Nan ki sans Mandela enspire w oubyen enfliyanse lavi w ?

Daïna : Nelson Mandela se tankou yon mentò li ye pou mwen, pakou li enspire m anpil, lavi l aprann mwen pou m toujou kite je m fikse sou objektif mwen yo malgre tout obstak mwen ka jwenn sou chimen m. Malgre 27 lane li te pase nan prizon, li te kontinye konbat apated la an Afrikdisid jouskaske l libere. Apre li vin prezidan e pran Pri Nobèl Lapè. Istwa lavi l enspire m anpil e banm fòs pou m kontinye vanse.


A pwopo etid inivesitè, nou te fè yon ti chita sou etid l ap fè epi konn kisa ki motive chwa sa yo.


FMAS : E ki etid ou fè nan nivo inivèsite ?

Daïna : Aktyèlman m ap suiv 2 kisis inivèsitè. Mwen nan dezyèm ane Syans Jiridik nan Inivèsite Kiskeya e mwen nan dezyèm ane Syans Politik, opsyon Relasyon Entènasyonal nan Inage.


FMAS : Sa ki motive w fè chwa sa yo mwen wè ki ase pwòch youn lòt ?

Daïna : Depi m ti katkat mwen pa t janm vle yon moun ki rete chita ap tann men pito yon sitwayèn k ap pran desizyon pou avansman peyi l, mwen kwè karyè sa yo ap banm plis zouti pou m ede m bati rèv sa.


FMAS : Eske Daina wè li menm k ap okipe yon pòs politik?

Daïna : Wi, men mwen pa mete twòp aksan sou sa paske m rete kwè m pa oblije okipe yon pòs politik pou m ede peyi m avanse. Pou kounya priyorite a se etid mwen ak angajman m kòm jèn.


Sitiyasyon peyi a aktyelman li katastwofik, nou tout rekonèt sa. Jenès la se gwoup moun ki ka pi fasil chanje done yo, men pou sa rive fèt fòk yo pa chita gade men pran angajman, Daïna se pou nou egzanp yon jèn ki angaje, yon sitwayèn aktiv.


FMAS : Antanke jèn, ki angajman w pran deja?

Daïna : Malgre sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal peyi a pa bon mwen patisipe oubyen mwen bay patisipasyon m nan kèk aktivite sosyal atravè kèk entitisyon tankou Fondasyon Moris Siksto.


FMAS : Apre FMAS ou frekante eske w se manm yon asosyasyon kelkonk?

Daïna : Mwen se yon Gid- Gid se yon vèsyon eskout ki gen fanm sèlman- adrès nou se Plas Bwaye nan Petyonvil. Anplis mwen se fondatris ak prezidant GJM ki se « Groupe des jeunes en mouvement » ki gen slogan sa : « Le renouveau par les Jeunes ». Antake jèn, objektif nou se mete tèt nou ansanm pou motive lòt jèn yo pou nou rive sou piblik la ak talan nou.


FMAS : Apa aktivite asosyativ ak benevòl yo eske w gen aktivite ki ede w finansyèman oubyen ki mete w sou mache travay la deja?

Daïna : Mwen te etidye jounalis nan Isnac ki pemèt mwen eksele nan domèn animasyon ak prezantasyon. Plizyè enstititisyon souvan chwazi kòm animatris pou kèk aktivite tankou gradyasyon. Akyèlman mwen se animatris radyo. M ap travay nan radyo « Hexagone » ki nan delma 75 kote mwen gen 2 emisyon « Hex Happiness » ki pase chak apremidi soti 4trè pou rive 6zè. Mwen gen yon lòt emisyon pou timoun ki rele « Club des petits explorateurs », chak samdi soti 9vè pou rive 10zè edmi.


FMAS : Depi konbyen tan w ap frekante FMAS ? ki pi bèl eksperyans ou gen ak nou?

Daïna : Mwen pa vrèman raple m men se pwobableman an 2017 lè Wally Steven Laguerre, responsab kiltirèl nan Fondasyon an te envite m nan yon aktivite depi lè a mwen pran gou mwen toujou patisipe epi kolabore nan aktivite FMAS yo.

Mwen pase anpil bèl moman nan FMAS e mwen gen anpil bèl souvni. Youn nan aktivite ki te make m se yon seri sansibilizasyon kont maladi kolera FMAS te patisipe ansanm ak kèk lot patnè tankou IDEJEN, UNICEF, PADF, DINEPA ak MSPP. Aktivite sa mennen nou nan yon pakèt zòn vilnerab ki montre nou ki sitiyasyon difisil yon pakèt moun ap viv nan komin Petyonvil.


FMAS : Kisa Moris Sixto reprezante pou ou ?

Daïna : Sixto ki se pi gwo lodyansè peyi a konnen te gen yon bèl pakou li, kite yon pakèt chedèv dapre mwen sosyete ayisyèn nan manke ekspwate l.



Antanke Sitwayèn angaje, yon jèn ki enterese ak politik, nou t al chache konen opinyon sou sa k ap pase nan peyi a.


FMAS : E ou menm ki pwendvi w sou sitiyasyon peyi a, eske w panse gen yon pòt pou nou sòti ?

Daïna : Sitiyasyon jeneral peyi a se rezilta tout briganday ene nou yo te konn fè. E si jenerasyon sa kontinye sou menm lanse a, pitit nou ak pitit pitit nou pral viv menm sitiyasyon katastwofik sa. Nou dwe rezoud pwoblèm nou yo depi nan baz lè nou bay timoun yo bon jan ledikasyon paske, si nou vle repete Nelson Mandela : «L’éducation est l’arme la plus puissante pour changer le monde ». Si nou vle yon lòt Ayiti, nou dwe komanse alabaz sa vle di ak timoun yo, nan fason n ap elve yo. Nou dwe retounen ak valè nou yo, sak pi bon lakay nou.


FMAS : Eske w gen yon mo sou sa k ap pase ant Ayiti ak Dominikani an ?

Daïna : Sitiyasyon sa fè nou sonje depi Ayisyen met tèt ansanm, mete fòs yo ansanm nou kapab fè anpil bagay. Men fòs sa, menm detèminasyon nou mete nan koze kannal Rivyè Masak la si nou toujou kenbe l nou ka fè anpil mèvèy nan peyi a.


FMAS : Yon konsèy pou jèn parèy ou yo ?

Daïna : Konsèy mwen pou tout jèn ki nan menm tranch laj avèm yo se kenbe la e toujou gen lespwa. Se pa rete chita plenyen men se chache ti moso lakonesans mete tèt yo epi travay sou tet nou.


FMAS : FMAS remesye w pou ti chita pale sa ki pèmèt nou konnen pi byen kiyès ou ye, nou felisite w pou pakou w ak tout bèl ekperyans ou gentan fè menm si w jèn anpil. Nou swete ou kontinye suiv chimen ki trase pou ou a, kontinye fòme tèt ou pou w kapab ede peyi w.

Daïna : Mesi anpil FMAS.


FMAS, Novanm 2023






88 vues0 commentaire

Posts récents

Voir tout

CONTACTEZ_NOUS

#28, Rue Gabart, Pétion Ville, Haïti 

info@fondationmauricesixto.org
+509 3449-3583 / 718-355-8201

Success! Message received.

  • Blanc Facebook Icône
  • Blanc Twitter Icon
  • Blanc Icône Instagram
  • Blanc Icône YouTube
bottom of page