top of page

NOS PUBLICATIONS

  • Photo du rédacteurfondationmshaiti

TI SENTANIZ an Kréyol



Maurice

Bonjou Madanm pi bon pase konn la wout, pou al wè koze sa a byen se bò chapèl sen ròk. Moun bò chapèl depi w gen yon bonjou nan pòch ou yap monte jis mòn tay fè, jis mòn malanga pou yal montre w nempòt ki kay, moun bò chapèl tankou kenèp bò chapèl, nan pwen kenèp ki pi dous pase kenèp bò chapèl. Fanm bò chapèl yo fè lessiv, ya l pran rad lavil, yo pwòp. Gason bò chapèl fè ti chèy yo fè panyen. M te konn yon nonm bò chapèl yo rele Charitab li te konn fè ti chèy, li te konn fè panyen lè lap desann lavil avèk bagay sa yo li chaje kou legba ou ta di son batiman ki sou tèt li.

Charitab te gen yon fanm yo rele Dyedonn, yo bal ti non Dòn, yo te rete nan w lakou ki te gen yon ti kay pay yon pyès, Dòn te genyen yon bak devan pòt la kote l te vann pistach, biswit, yon boutèy kleren kenèp, se la pou l te kapab fè yon ti kòb pou l ride charitab pou l te lage yon bagay nan chodyè ya chak jou pou bay sèt ti lanj Le Senyè te bal gade yo poul te kapab bayo manje, men Dòn te gen yon lòt ti dyob tou ki tap bal yon soutni, Dòn te konn bale chapèl pou sèt goud pa mwa, men afè bale chapèl sa a te bay Dòn yon rayisab, yo pat vle wèl pou bagay sa a, Charitab te konn di li enben fow pran kouraj. Yon jou swa Dòn devan baryè ya tout ti moun yo avèk li, yo pa janm rete andan kay la paske yo tap fè kolizyon sèt ti moun sa yo avèk charitab epi Dòn kontre andedan se yon limyè trafik pou yo ta mete andedan kay la. Dòn devan baryè ya, charitab li menm la l kraze yon jwèt kat yon bwa nan nen sou kote ya, Dòn santi yon doulè ren, ahhhhhhh li paka kenben anko, li rantre pi bonè, li rive ti moun yo, enpe foure kò yo anba vye waf la, enpe gaye kò yo andedan, li tenyen lanp tèt gridap la donn kouche sete pou l pat janm leve.

Le Senyè rele Dyedòn, se bwa dwat charitab ki koupe, sèt ti moun yo la sou kont li, yo nan lakou wa la, pye yo blanch, bouch yo blanch, tèt yo pa penyen, yo te konn al nan yon ti lekòl pi lwen yan, yo pa ale ankò se lè charitab antre pou l vini ak yon kraze pou difè ka limen bagay sa a ap rache kè charitab, moun kap pase ap gade sa, ti moun san manman.

Charitab tèt li ap travay, l al vann panyen ak ti chèy yon kote bò boudon kay yon pratik li, madanm lan te toujou ap mande li yon ti moun pou rete ak li, li rive li di ahhhhh sa rèd, men sa pou fè, leje fòs a koupe, li rive li di mandanm lan ti moun ou tap mandem poum te bawou wa eske m mèt mennem l bawou, mandanm lan di wi men fò son w tifi e fò l pa tro gran. Charitab leve demen maten lap desann li pase men l li pran ti Sentaniz ki tapral gen nèf an.

Li pran ti Sentaniz pou l desann ak dis zotèy pitit la atè ak menm ti ròb ki te souli ya, pitit rale depi bò chapèl sen ròk jous rive anwo boudon sou de pye li, le l rive li di mandanm nan men ti pitit la ou tap mande m lan m menen bawou se yon ti moun san manman wa pran pasyans ak li pou mwen, li gen tèt di se vre men ou se manman tou fè sa w kapab, men jan ti Sentaniz al chwe kay yon pwofesè zanmi mwen ki te ret anwo boudon, misye pwofesè sa son nonm ki tap li yon kantite gwo liv kont lenjistis li te konn ap li yo banmwen, li pat ka wè afè lenjistis lan, li pat fè le mond li te bezwen chanje li.

Men fatra sa misye sa a te bezwen bale ya sete kay moun, paske fatra lakay pa li tap monte nan lentò wa li rive nan nen li li pa pran sant li, li rive nan je li li pa wè li. Yon jou m chita sou galri ya ak misye ya se konsa ti Sentaniz vinn ap sòti l ap redi anba yon panyen fatra li pwal met sou lari ya pou kamyon sèvis dijyèn pase pran l. Mwen wè li ak yon ti ròb klerèt sou li ou ta ka konte kòt li nan ti ròb la, on dire ti ròb la fèt ak yon mòso twèl yo pran nan panyen fatra a. Je li : li paka gade solèy la moun ki save ta di w li avitaminoz tèt li potre nich poul frize ou wè se kote peny pa pase. De ti janm li sanble de bagèt legedé. Mwen wè pitit la ap redi anba panyen yan mouche ya nan gwo liv la lap gade sa li pa wè ti Sentaniz nan gwo liv la.

Yon jou maten, m te bezwen pwofesè ya bonè, mal lakay li, fò m di w pwofesè ya te rete ak mandanm li yon sè madanm li, yon ti gason 17 an li te genyen ki rele Robè, yon tifi 14 zan ki rele Chantoutou, men Chantoutou wa lè m gade li, hun, pou 14 zan li te byen vini li gen gwo zo ou wè se yon timoun ki nan swenyaj, lèm voye je m mwen gade Sentaniz epi m gade Chantoutou m te konn mande si se nan je manman chantoutou, chantoutou fèt si l sot nan je manman an li tonbe atè se Sentaniz ki fèt lòt kote ya. Heyyyyyyyy M andedan m asiste yon revèy Chantoutou, se bèl bagay, m wè manman an al nan pòt chanm lan li pouse pòt la epi m tande l di :

Madanm lan : Regarde la poupounèt, on est réveillé chérie ? ohhhhhhhh quelle jolie sourire. On a bien dodo chérie ?

Chantoutou : bon man

Mandanm lan : il est l’heure oui d’aller à l’école, il faut te dépêcher chérie, qu’est ce que tu vas mettre ce matin, la jolie robe brodée que ta marraine a fait pour toi, c’est si jolie

Chantoutou : bon man

Mandanm lan : et bien viens donc tu vas prendre la robe je vais donner un coup de fer pour toi tu vas faire ta toilette tu vas trouver marraine pour te donner une belle coiffure pour aller à l’école, viens donc chérie, wow tu es jolie, laisse moi te donner deux gros baisés pour te réveiller (bruits de baisés) ahhhhhhhhhhhhh regarde ma poupounèt, vas-y chérie…

Maurice : Sa a se pou Chantoutou, mwen tande li vire sou Sentaniz li di :

Mandanm lan : Kote ti fi ki rete isi ya, kote manmzèl Sentaniz la, kote ti vèrmin lan li pa tande m ap rele li ? tifi sa kou w leve le maten fòk li fè w ap gagannen tankou poul k ap jakase pou tout katye ya tande w. kote tifi ya.

Sentaniz : Men mwen wi

Madanm lan : Men wi apa ou parèt ak de bokyè lwil sou bò dyòl ou se nan manje moun ou sòt foure men w ankò ?

Sentaniz : Se Chantoutou ki te kite yon rès manje pou mwen depi yè swa wi

Madanm lan : M te kwè mwen defann ou mande pitit la rès manje li, pitit la va fin tonbe feblès isi sou kont ou, gad figi tifi ya non ak je w ki tankou boutonyè moun fou wa. Dyòl tifi ya wadi se mòso fwa mou yo bliye sou tab mab mache anba. Ase gade mwen, vin al pran poudriye poud la banmwen pou poudre pitit la.

Sentaniz : Men poudriye poud la wi.

Madanm lan (a Chantoutou) : tu vas prendre ta petite boite de ruban, tes rubans double face, je vais mettre des nœuds pour toi cherie, tu vois, tu dois mettre des petits rubans, tu dois etre coquette chérie, pas vraie

Chatoutou : Bon man

Madanm lan (a Chantoutou) : Laisse moi mettre les rubans pour toi voila Hummmmmmmmmm ahhhhhhhhhhhh voila tu dois te regarder dans la glace c’est jolie ohhhhhhhhhhh laisse moi embrasser ma poupounèt ahhhahhahhhahhhhh. Maintenant tu vas prendre ton avoine, demain tu prendras de la banane grajée tu entends hannnnnnnnn c’est ca chérie, dépêches toi.

Mandam lan (a Sentaniz) : kot eyyyy manzè Sentaniz, vin al pran sac pitit la chak maten fòk ou wap repete sa, an verite depi ou leve le matin se yon giyon an verite lè ou pran ti pèst sa yo rete avèk ou, ou konpran ke se yon ekonomi ke wap fè, se sante w wi wap gaspiye, vin al pran sak liv pitit la pou siye pou la l lekol, ohhh, bon ou pa konen pou fè sa.

Sentaniz : Se mòso twal map plede chèche pou m siye sak madmwazèl chantoutou wa wi.

Madanm lan : Mòso twal wap plede chèche pouki ou pat siye l ak po dyòl ou, men non ou pa bezwen sak pitit la pwòp, ou ta renmen sak la tankou figi wou, sal klere tankou figi wou. Oh oh mwen pa konn sa w vin fè isi genlè se kèk pansyonè m genyen, si m te bezwen pansyonè mwen ta chèche bèl ti moun nen pwentu se pa djab anba pye Sen Michèl la mwen ta al pran poum fè pansyonè O ! O !

Vin al louvri tirwa pran mòso twal banmwen pou m siye sak pitit la, chak maten se pou yo di w menm bagay la. Erèzman mwen pap fè pitit ankò san sa se fos kouch makak sa a mwen ta fè, vinn al pran twal la banmwen.

Sentaniz : Men twal la wi.

Madanm lan (a Chantoutou): Tu as bu ta banana grajé cherie, ton avoine tu as bu ahhhhhhhh, demain tu prendras de la banane graje pas vraie. tu ne sais pas j’allais oublié, tu dois prendre une pomme pour aller à l’école.

Chantoutou : ah non

Madanm lan : Non, tu dois prendre une pomme c’est bien. Tu prends une pomme tu tiens dans ta main, c’est a peu près la couleur de ta robe on va te regarder. Ahh faut pas manger la pomme non, tu mangeras à la récréation, tout le monde descend on va te regarder, pas vraie chérie.

Madanm lan (a Sentaniz) : Vin al louvri tirwa la a pou pran yon pònm nan pònm pitit la pòt banmwen.

Sentaniz : Ki tirwa wi ?

Mandanm lan : koman ki tirwa, si se te pou leve nan nwit pou al vòlè l ou pa tap konn ki tirwa, rizèz, recelèz, machann lèt que vous êtes, ouvri tirwa la a ou pran pònm nan pòt banmwen

Sentaniz : Men pònm lan wi

Madanm lan (a Chantoutou): Tient chérie, tient ta pomme dans ta main tu entends.

Madanm lan (a Sentaniz) : Men wi si se te yon mango ou byen yon zaboka pou te lonje bali se sa ki ta sanble li. Epi vin pran sak liv la pou mete w devan pitit la pou mennen l al lekòl.

Maurice

Sentaniz gen 9 van, Chantoutou gen 14 e se Sentaniz ki pou desann mennen Chantoutou al lekòl, Sentaniz ap sòti devan baryè ya, manman an sòti tou, manman an di Chantoutou

Madanm lan (a Chantoutou) : Tu t’en vas chérie, bonne journée tu entends.

Chantoutou : Bon man.

Madanm lan (a Chantoutou) : Surveille cette petite vermine oui

Madanm lan (a Sentaniz) : epi ou menm tou wa l mennen pitit la lekòl, mwen pa voye w al gade nan mamit machann akasan, nan bokit machann labapen, tande nan mamit machan mayi bouyi

Maurice

Sentaniz ap file desann Chantoutou deyè, Chantoutou ap balize nan lari ya, pònm li nan men li,li potre yon gwo chat plen tout moun ap gade, li pa gen anyen pou l pote nan men li ke pònm li. Li rive devan pòt yon vwazin. Vwazin lan di

Vwazin : Ohh la belle fifille, quelle belle robe comment va tu?

Chantoutou : Ca va bien

Vwazin : et ta maman ?

Chantoutou : Ma maman va bien, je t’en remercie

Vwazin (a Sentaniz): oh, gade figi tifi ya non ap gade m, Sentaniz tripot, se avèk ou m ap pale oh potre pitit moun fou, genlè se pitit la kap menmen w lekol se pa wou kap menmen l lekol map pale madanm pou wou wi

Vwazin (a Chantoutou) : il faut la surveiller oui chérie.

Chatoutou : Oui ma tante.

Maurice

Sentaniz kontinye desann li menmen Chantoutou lekol la, l’antre andedan li depoze li li pran wout la la p remonte, li gen yon solèy nan mitan tèt li dò l gen yon rèl dlo kap koule, ayyyyy souf li kout ti janm li yo ap fè One Two One Two li tankou yon kamyon ford 4 kap rale tapyon radiyatè ya pa gen dlo, li redi la p monte, lèl parèt li jwenn madanm lan ak yon laye sou li kap kale yon pwa tann chat li kouche bò dodin nan. Mandan lan di l konsa

Mandanm lan : oh oh ou konen m te bliye vomisman chen sa a, genlè ou te jwen kèk bagay pou volè nan lari ya kot tifi ya te ye, kouman ou fè mize konsa a

Sentaniz : Mwen pa mize non.

Madanm lan : men non ou pa mize hun hun, ou te mennen pitit la jis andedan lekòl la

Sentaniz : se jis andedan mennen madmwazèl Chantoutou kot tout ti zanmi l yo wi andedan wi

Madanm lan : sa w tande yo di pou ròb la liya

Sentaniz : mwen pat tande yo di anyen non

Mandanm lan : men non ou pa taka tande yo di anyen, se pa afè pitit la w ap okipe, ou ta vinn banm sa poum kenbe ti moun lekòl wi ta wè bèl wòb brode pitit la. Ala ou konpran mwen menm pat fè de jou kay poyo mwen pat lekòl tou ou dwe konprann mwen se wou mwen se ras ou yo, pou ti moun lekòl ta wè bèl wòb pitit la pou yo pata di anyen retire w devan mwen ak figi w ki potre pil malpwopte timoun ap kalonen sou gwo mòm nan, al flank lave asyèt yo banmwen andedan an.

Maurice

L al nan lakou wa poul la l lave asyèt yo, ou mande lè l kroupi koman janm yo fè pa kase. lap gade tout bonm, tout ganmèl, tout chodyè ki gen de mas grès ladan yo, li pa gen joy li pa gen ivory li pa gen pay de fè, se yon ti grenn savon ki kole sou yon ti mòso roch, li leve anko li vinn kot mandanm lan

Sentaniz : Mandanm mwen te vinn mande w silvouplè senk kòb pou w machte senk kòb gwo savon pou m te lave asyèt yo wi

Mandanm lan : Men wi se yon pye lanjan m genlè genyen, avan yè mwen bay tifi ya senk kòb pou l lal achte savon ou dwe gen kèk lwa aloufa nan ras ou kap boure savon kap boure digo ohhhh al flank lave asyèt yo banmwen ak ti grenn savon ou gen la si dwèt ou ale tou sa pa regade mwen, se pa mwen ki di w pou boure savon, retire w devan mwen

Maurice

Li retounen lal lave asyèt yo li pran enpe zèb guinen pou l wete gwo grès la, epi li lave asyèt yo avèk ti grenn savon an epi dlo frèt li pa gen dlo cho. Pandan lap lave asyèt yo mandanm lan rele li, paske se li kokipe tripotaj mandanm lan. mandanm lan di li :

Madanm lan : Sentaniz, tifi ya genlè soud, ou lèd ou sòt pou soud ankò. Oh ou dwe gen kèk lwa zenga ki antre nan zorèy ou, ou pa tande m ap rele wou

Sentaniz : Men mwen wi

Madanm lan : vin janbe lòt bò wa la pou al gade nan fatra mandanm lan pou wè sa l te kwit yè dimanch.

Sentaniz : ki madanm wi

Mandanm lan : Sa w rele ki mandanm lan, lèl vinn isit la lap pale de manje lap pale de tout bagay mwen pa toujou wè je w nan je li si li tap lonje yon plat bawou sou lantouraj la ou tap mande m ki madanm pa fèt sòt ou avèk mwen tande tifi vinn al gade nan fatra madanm lan m di wou

Maurice

Sentaniz ale li retounen

Sentaniz : lèm fè sa mwen rive

Madanm lan : Kimoun ki diw louvri dyol ou laj konsa ou bezwen mandanm lan tande, saw wè nan panyen fatra a

Sentaniz : lèm gade nan panyen fatra se po veritab mwen wè wi, po patat de tèt aranso avèk po pwa

Madanm lan : ou pa wè po pwa frans

Sentaniz : mwen pa wè po pwa frans non

Madanm lan : e plim pou l

Sentaniz : Mwen pa wè plim poul non nan panyen madanm lan

Madanm lan: ou pa wè po bannan jòn

Sentaniz: nan pwen po bannan jòn non nan panyen madanm lan

Madanm lan: Ala gamèz, fanm nan vinn isit li diw poul la te di lap lave avek fèy payay, pwa frans lan se yon pwa frans gro mòn li lage vit, banann jòn yo tèlman long se yon sèl la p bouyi, gamèz, mantèz tou se moun ki menm jan avèk ou depi w tande yon moun ap fè gam konsa yon mantèz fòk son volèz li ye tou, ou pa wè ou menm wap volè afè moun tou, retire w devan mwen kèk bèl tabòk m poko bawou depi m maten. Al fin lave asyèt yo

Sentaniz: mwen finn lave asyèt yo wi

Madanm lan: ou finn lave asyèt yo epi ou rete nan lakou wa, ou genlè kwè ou se kèk pansyonè wi.

Maurice

Se Sentaniz ki ranje kabann, se li kal achte, se li ki veye manje sou dife, li genyen pou l desann ak Chantoutou le matin mennen li lekòl, a midi yo pran sèvis manje yo kole yon kadna ladan l pou l pot manje bay Chantoutou lekòl, li remonte, sa fè twa fwa li fè wout la aprè midi a 4 trè li desann al chache Chantoutou sa fè 4 fwa li remonte ak Chantoutou sa fè 5 fwa ke li fè wout la chak jou. E li pran tabòk nan men marèn nan men madanm lan, nan men robè. Figu l tankou yon timoun ki te foure tèt li nan yon nich guèp, zorèy li toujou ap boudonnen, fòl leve lè maten bonè e se li ki kouche pita.

Lèl leve li gen pou l fè kafe bone. Men leswa li dòmi nan chanm manzè Chantoutou devan kabann Chantoutou, Chatoutou ap prelase kò l sou ti kabann ni, “liseuse” li sou li, chak swa li mete yon riban yon lòt koulè, Sentaniz dòmi sou yon tin at devan kabann nan yo rele atèmiyò, non bagay la di w sa l ye, ou wè l kouche janm ni blanch li g’on pantalèt rouj ki fèt ak ansyen moso yon tabliye rouj manzè Chantoutou. Pantalèt la rantre an bastengal nan dèyè l. ti souf li kout devan kabann nan. Alò se nan chanm Chantoutou a pou Robè pase pou l al nan chanm pal ; lè Robè ki gen disetan sot nan chatchawony li l ap rantre pa chalkalis anpaviyon maske pou moun pa tande l ap pase la on jou swa li met pye li, yon gro soulye krepsòl sou ti men Sentaniz.

Sentaniz: Ayi Ayi Ayi!

Madanm lan: Sa li ye lan kay mwen an, o, tifi sa a genlè gen kèk randevou ak kèk sosyete lougarou : fò m voye ti mons sa a ale. O pouki w pa t bay ras ou avan w te vin isit, sa li ye ?

Sentaniz : Se pa anyen non, se misye Wobè ki met pye l sou menm wi.

Madanm lan : e pouki w pat met menm w nan bouch ou, pouki w pat met men w nan mitan janm ou, sa men w t ap fè atè ya ? O ! fèmen dyòl ou andedan lakay mwen, m a vin fèmen l ak pantouf mwen wi. M pap leve pou wou aswè ya, bon ou dwe m sa demen maten.

Maurice

Mari ya kouche kot madanm nan li poko wè Sentaniz toujou nan gwo liv l ap li yo. Demen maten l al sèvi tout moun kafe nan kabann, matant, tout moun ; pou li limen dife a li pa gen bwapen andire se ak dwèt li l ap limen chabon yo, l ap vide yon kraz gaz. Nan mwa desanm lè l fin sèvi kafe a y oba l on ti bak ki gen ou d kafe l al pral vann poud kafe pour marenn, kafe griye nan tout katye ya. Gen yon ti fredi, li gen menm ti ròb la sou li, la p desann, van ap pote l desann, si w devan van ap pote vwa l ba ou epi nan vwa li tout soufrans li, tout souflèt yo, tout esklavaj li, tout mank dafeksyon yo, tout imilyasyon yo, ap vin jwenn ou, van ap pote bawou, l ap desann epi w ap tande :

Sentaniz : Kafeeeeeeeeee griye, kafeeeeeeeeee griye.

Maurice

Mezanmi ki moun kap vin wè Sentaniz nan gwo liv yo.

3 354 vues0 commentaire

CONTACTEZ_NOUS

#28, Rue Gabart, Pétion Ville, Haïti 

info@fondationmauricesixto.org
+509 3449-3583 / 718-355-8201

Success! Message received.

  • Blanc Facebook Icône
  • Blanc Twitter Icon
  • Blanc Icône Instagram
  • Blanc Icône YouTube
bottom of page