top of page

NOS PUBLICATIONS

  • Photo du rédacteurfondationmshaiti

Ann selebre lang ak kilti kreyòl

Dernière mise à jour : 9 juil. 2019

ou kite 27 oktòb la Fondasyon Maurice A. Sixto (FMAS) te nan Lise Petyonvil kote yo tap fè ti koze ou lang ak kilti kreyòl. Madan Séjour ki se Direktris fondasyon te pwofite pale ak timoun you sou empotans lang lan, fè yo konnen ke lè yo meprize lang yo ki ta dwa yon zouti pou yo kominke pi byen nan tout okazyon se pwoblèm yo bay tèt yo. Se kòm si yo te meprise manman ki fè yo. Anpil keksyon te tonbe tankou poukisa angle a gen pwogram matematik pou timoun li yo tankou franse a e Ayiti pa janm sonje gen pwogram pa l. Tèm ane 2017 la kise « Jèn yo, an nou pale lang nou an tout kote san baboukèt » te fè anpil diskisyon. Elèv mande pou aktivité sa a refèt ankò. Tankou chante a di « yon edikasyon an kreyòl tap fè n rive pi lwen. Kreyòl la se idantite nou li ki simante nou tout yon al lòt. Timoun te kontan anpil. Nou jwe ak yo tou jwèt kreyòl tankou : oslè, mab, sauté kòd, kay epi marèl. « Ala te yon bèl jounen »










28 vues0 commentaire

CONTACTEZ_NOUS

#28, Rue Gabart, Pétion Ville, Haïti 

info@fondationmauricesixto.org
+509 3449-3583 / 718-355-8201

Success! Message received.

  • Blanc Facebook Icône
  • Blanc Twitter Icon
  • Blanc Icône Instagram
  • Blanc Icône YouTube
bottom of page