Select your language

Suivez-nous!

Facebook Flickr Picasa Twitter

Nos liens

Se Connecter



Récents Commentaires

Récents Commentaires

Visiteurs FMAS

mod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_countermod_vvisit_counter
mod_vvisit_counterAujourd'hui162
mod_vvisit_counterHier437
mod_vvisit_counterCette Semaine2878
mod_vvisit_counterSemaine dernière2212
mod_vvisit_counterCe mois7782
mod_vvisit_counterMois dernier13823
mod_vvisit_counterTous les jours269221

We have: 1 guests online
Votre IP: 38.107.179.233
 , 
Aujourd'hui: Mai 19, 2012
Le texte de Jimmy VOLCY qui lui a valu le prix de Vice-champion au concours littéraire « Ti Sentaniz en 2050 » organisé par la Fondation Maurice A Sixto (FMAS) PDF Imprimer Envoyer
Note des utilisateurs: / 0
MauvaisTrès bien 
Culture - Art
Écrit par Leopold Cine   
Vendredi, 04 Mars 2011 00:31

Sou tan lakoloni, Ayiti te chaje ak kolon blan. Blan sa yo te konn fòse yon pakèt nèg ki te sòti nan divès peyi lafrik, nan lane 1503 pou premye fwa, travay san pran souf lajounen tankou lannuit. Nèg sa yo pa t’ lib pou yo te fè sa yo vle; yo te rele yo esklav. Sistèm ki t’ap kraze zo yo a te pote non ”sistèm esklavaj ”. Nan lane 1803, desandan nèg ginen sa yo, nan tèt kole ak milat yo, te rive chase kolon blan yo yon fason pou yo te kapab viv lib e libè nan peyi a. Men malgre sa, depi kèk tan yon lòt sistèm ki sanble tèt koupe ak sistèm esklavaj la, ki gen pou non “sistèm restavèk”, fin pran peyi a pou li. Sistèm sa a pa sispann kapte atansyon plizyè antite k’ap goumen pou respè dwa moun. Se konsa, refleksyon Fondasyon Maurice A. Sixto te fè sou tretman ti fi restavèk yo ap sibi, te pouse li poze keksyon sila a: “Ki fanm Tisentaniz ap ye an 2050, si anyen pa fèt pou chanje sistèm restavèk la.” An n’ale nan nannan pwoblèm nan pou n’ ka jwenn repons pou keksyon sa a.

Chak jou Bondye mete, move lavi melanje ak chomaj ki gen an Ayiti, lakòz anpil paran pa gen mwayen pou okipe ni tèt yo ni pwòp pitit pa yo. Pou sa, pi fò ladan yo konn mare senti yo epi voye youn osnon plizyè pitit rete ak yon seri moun ki gen plis mwayen pase yo. Se sa ki fè yo rele timoun sa yo ”restavèk”. Lè timamay sa yo fenk rive kay “moun lavi miyò” sa yo, yo souvan resevwa yo ak kè kontan epi ba yo bèl akèy. Men tout sa se mannigèt! Paske nan de tan twa mouvman, devan pòt vin tounen dèyè kay: yo vin fè timoun sa yo travay tankou ti bourik sele. Se vre wi ! Yo fè yo travay anviron dizuit(18) èd tan pa jou. Men yo pa janm peye yo senk kòb pou sa. Alòske, atik 96 kòd travay la deklare: « Dire  nòmal pou yon moun travay pa jou se uit (8) èd tan ». Kidonk, se eksplwate yo eksplwate kouraj tilezany sa yo.

Pou n’ale pi lwen, restavèk yo sibi plizyè lòt kalte soufrans. Nan sa ki gen pou wè ak lamanjay, se lè ”sak pou jwenn” fin manje gwo bout vyann, yo voye zo a ba yo. Epi ki zo atò? Anplis de sa, akòz yo pa janm fin travay, nan lannuit yo blije ap volè domi tankou chèf k’ ap fè lagad gwo minui. Sa pa rete la : ane ale, ane vini yo pa janm voye ti inosan sa yo lekòl. Kidonk, pandan pitit gwozouzoun ap pale ak ekri bèl franse, restavèk yo ki se pitit soyèt, pa konn pa ki lèt pwòp non yo komanse. Ale wè pou yo ta konn kijan pou yo ekri li ! Mete sou sa, yo derespekte timoun sa yo pi mal ke anba plan pye. Ti krik ti krak, jouman leve yo, jouman kouche yo. Epi tout sa k’ vin anba men se matinèt pou krabinen tout ti kò yo. Imilyasyon ak desepsyon se kwa pa yo. Kadejakè k’ ap fè dap piyanp sou yo gwo midi menm, se pa pale.

Depi lè ti konkonb t’ap goumen ak berejèn, timoun restavèk yo ap sibi anpil move tretman. Tranbleman tè ki te pase douz(12) janvye 2010 la nan peyi a vin mete abse sou klou. Paske kokenchenn evènman sa a te lakòz anpil paran ak moun ki t’ap okipe restavèk fè vwèl pou peyi san chapo. Sitiyasyon ekonomik peyi a ki vin bese plat atè apre katastròf sila a, fè avni restavèk yo vin pi menase. Mete sou sa, moun k’ap viv anba tant ki fè mikalaw, sitou nan pòtoprens, lakòz gen plis kadejak ki fèt sou ti fi restavèk yo. San n’ pa bliye grangou, mizè ak latroublay k’ap mete de ran dlo nan je timoun sa yo, chak jou pi plis.

Se konsa, tout traka sa yo pouse nou reflechi sou dwa ak devwa timoun yo genyen. Yon timoun, kèlkeswa ras li, kèlkeswa koulè po li, menm si li se restavèk gen dwa ak devwa. Youn nan pi gwo devwa timoun yo se : « respè pou tout moun ». Kèk nan dwa ke yo genyen se: dwa pou yo viv byen, dwa pou yo jwenn laswenay, pou yo jwenn bon jan lamanjay, pou y’ ale lekòl, pou yo jwenn afeksyon manman ak papa...Yon peyi kote yo pa sispann pase dwa timoun  anba pye pap janm fin jere kriz. Paske tankou pawòl la di li: « timoun jodi se granmoun demen ».

Konsa, pou sistèm restavèk la derasinen, fòk dwa timoun yo respekte. Pou sa rive fèt, efò chak grenn ayisyen konte : fòk moun ki pa pare pou okipe timoun pa antre nan fè pitit ; ayisyen dwe evite grennen pitit pa pil ak pa pakèt tankou poul k’ap ponn ze ; plis seminè, emisyon radyo ak televizyon dwe fèt sou dwa ak devwa timoun yo genyen ; fòk otorite nan leta yo pran gwo sanksyon kont moun ki pran plezi yo nan toupizi timoun, espesyalman restavèk yo; anplis de sa, avèk sajès, li ta bon pou vwazen tankou vwazin pote kole pandan y’ap fè moun ki gen restavèk lakay yo konprann dwa timoun sa yo genyen pou yo viv tankou tout moun.

Menm jan sa fèt nan plizyè lòt domèn, se ti fi yo ki plis viktim de sistèm restavèk la. Lè yo komanse grandi, ke yo konn li ak ekri, ke yo pa konn fè ni youn ni lòt yo blije fè fas kare ak lavi a. Men kòm tout moun ka remake l’, de jou an jou tan an ap vin pi eklere. Kidonk, se fanm ki byen instwi ki gen plis chans pou reyisi nan lavi sa a. Poutan, selon etid komisyon entèramerikèn dwa moun fè, li rive remake ke swasant pou san (60%) fanm an ayiti pa konn ni li ni ekri. Konsa, malè pandye sa a lakòz ke gen gwo kè kase sou avni fanm yo. Paske pwovèb lakay la di : « kabrit gade je mèt jaden anvan li antre ». Kidonk, se fanm je pete klere ki pi fasil sibi vyolans. Paske pyès moun pa fouti pran plezi yo nan demachwele anba kout chaplèt fanm save ki konn sa yo vle. Non sa pa ka fèt ! Men tankou yon baton ki nan men yon avèg k’ap chèche chimen pou li pase, yo va wè nan fanm sa a yon limyè pou sosyete a pa pèdi chimen verite.

Kòm fanm yo gen plas yo nan sosyete a, li enpòtan pou tout moun alawonnbadè rekònèt dwa ke yo genyen. Medam yo gen dwa pou yo aprann metye yo vle, pou yo fè gwo etid inivèsitè, travay, antre nan politik, poun site sa yo sèlman. Fòk fanm yo jwi dwa yo tèt kale. Paske sosyete a bezwen fanm vanyan, fanm je kale, fanm lespri pou li kanpe sou de pye militè li. Li enpòtan pou medam yo jwenn moso edikasyon. Paske fanm ki edike se poto mitan pou peyi a. Yon sosyete san fanm konsekan se yon gwo kap ki fèt ak tout fòskote. Kidonk, fanm yo jwe yon gwo wòl nan sosyete a. Paske apre Bondye nan syèl, se yo ki bay tout moun lavi.

Konsa, sosyete a bezwen yon fanm ki rele Tisentaniz…Tisentaniz se yon ti fi restavèk ki gen nèf(9) rekòt kafe sou tèt li. Li ta dwe ale lekòl men se move travay l’ap fè tout lasent jounen. Tankou pote bokit dlo, foubi chodyè, bale lakou, jete fatra pou n’ site sa yo sèlman. Men menm jan esklav yo te revòlte kont sistèm esklavaj la, li gen pou li chape poul li yon jou. E lè sa a, pou li ka kontinye viv, chak jou li pral blije chèche kote lavi a fè kwen. Konsa, se swa li ale drive nan lari a tankou yon timoun ki san fanmi osnon kòm li pa konn li, li pa konn ekri, li pa gen metye li ka lage kò l’ nan fè ti komès oubyen fè vye djòb nan faktori. Konsa tou, nan fè move zanmi, li ka tonbe nan fè zak sal tankou : pran dwòg di, pran afè moun san peye, kase kay moun, elatriye. Menm jan an tou, lè lespri Tisentaniz komanse louvri, nan laj kenz (15), sèz (16) zan, move lide ka monte nan tèt li epi pouse li di:” A! degaje pa peche ; epi dayè, fanm pa dwe soufri paske yo vin sou tè a ak tout machandiz yo...” Konsa, lajounen tankou lannuit, li va achte twotwa lari pòtoprens lajan kontan pou li likide « moso plezi » bay tout gason ki pran jòf nan li; ki vle achte.

Apre etid nou fè sou sistèm restavèk la, nou rive konprann ke gouvènman an dwe goumen anpil pou Ayiti gen plis moun ki edike, li dwe ouvè pòt peyi a byen laj pou envestisè ka vin kreye plis travay ladan l’. Lè gen plis travay va gen mwens chomaj, mizè ak grangou. Konsa kantite restavèk yo va diminye. E yon jou, lanbi delivrans pou « yon Ayiti san restavèk »la va kònen tout bon vre. Men si anyen pa fèt pou sa chanje, Tisentaniz ka tonbe nan tout vye kòripsyon. Nan chèche lavi miyò, si li pa pran byen, li ka detwi lavi li menm anvan 2050. E si li gen pou l’ viv jiska 2050 nou pa gen okenn garanti sou ki jan de fanm li va ye nan sosyete a. Sepandan, malgre l’ pa t’ ka chwazi jan l’ te vle fèt, avni l’ depann anpil de jan l’ va gen chans viv jenès li. Antouka, menm si anyen pa ta fèt pou chanje sistèm nan, lè Tisentaniz kòmanse gen lespri , efò pèsonèl li ka pote gwo chanjman. Paske lè sa a, li va premye moun ki va deside ki mòd fanm li vle ye an 2050.


Jimmy VOLCY
Novembre 2010


blog comments powered by Disqus
 
Question Kit